Floridians for Reproductive Freedom òganize yon "power hour" sou entènèt avèk ekspè k ap diskite sou benefis Kontrasepsyon Ijans (EC) epi k ap atire atansyon sou kijan Publix ap mal jere machandiz EC yo nan detriman kliyan li yo.

Jedi 19 novanm, 7è diswa – 8è diswa (Tanpri rive sou Zoom a 6:55 pou asire ke bagay yo regle anvan 7è).
Enskri isit la pou jwenn lyen Zoom lan.
Sa pral yon opòtinite enteresan pou moun k ap defann dwa repwodiktif yo aprann sou metòd kontrasepsyon enpòtan sa a epi kijan pou yo defann efektivman pou li disponib san baryè — sitou nan Publix, youn nan pi gwo détaillants nan Florid.
Kontrasepsyon ijans ka ede anpeche gwosès si yo pran li nan senk jou apre yon rapò seksyèl san pwoteksyon oswa apre yon echèk kontrasepsyon.