Siyen yon petisyon/Voye lèt: Pa gen entèdiksyon avòtman menm jan ak nan Texas nan Florid

Lidèchip nan tou de chanm Lejislati Florid la deklare bay laprès ke y ap prepare pou adopte plis restriksyon sou avòtman, Prezidan Sena a fè lwanj espesyalman pou nouvo entèdiksyon Texas la. Li enpòtan pou nou kòmanse imedyatman — epi kontinye — yon mouvman opozisyon jiska ak pandan kòmansman sesyon lejislatif la. Semèn komite lejislatif yo ap kòmanse 20 septanm 2021.

Enskri atravè pòtal Progress Florida a pou siyen petisyon nou an epi voye mesaj imel bay Prezidan Sena a, Prezidan Chanm Reprezantan an, ak lòt lejislatè enpòtan yo pou avèti yo pou yo pa entèdi avòtman menm jan ak sa Texas la. 

Ann di byen fò e klè sa Floridyen yo pap sipòte okenn lòt restriksyon sou avòtman epi yo pral opoze fòtman nenpòt efò pou fè sa.