Chak Floridyen ta dwe kapab pran desizyon konsènan gwosès yo epi yo ta dwe kapab pran desizyon medikal san yo pa pè, san yo pa wont, epi san yo pa sibi sipèvizyon sou kò yo.

HB 1221 ta entèdi yon doktè ofri swen avòtman bay yon pasyan k ap chèche mete fen nan yon gwosès akoz dyagnostik fetis la. Pwojè lwa sa a pa gen anyen pou wè ak pwoteksyon moun ki andikape ak fanmi yo. Okontrè, li eksplwate Floridyen ansent yo, ansanm ak moun ki andikape yo, pou avanse yon ajanda ki gen objektif final pou entèdi tout avòtman. Epi li kriminalize doktè k ap ofri swen ki an sekirite epi ki konsidere kòm nòmal nan tout lòt peyi devlope yo.
Chanm Reprezantan an gen anpil chans pou l vote sou HB 1221 nan semèn 19 avril la. Tanpri pran aksyon kounye a!
Kontakte Reprezantan Chanm ou an kounye a pou ankouraje yo pou yo vote "Non" sou HB 1221 la. Sèvi ak pòtal Progress Florida a pou voye yon imèl rapidman bay reprezantan w lan oubyen pou jwenn enfòmasyon kontak li yo isit la.