Pandan lejislatè anti-avòtman yo ap ogmante dezenfòmasyon ak move politik, n ap prepare yon istwa inifikatè ki baze sou libète pou detèmine sa ki pi bon pou kò nou, fanmi nou ak kominote nou yo. Nan dat 22 fevriye 2022, Floridyen yo pral rasanble nan Kapitòl Florid la pou defann libète repwodiktif.
Nou pral egzije kapasite pou nou pran desizyon pou nou fè pitit oubyen pa fè pitit epi pou nou elve yo san danje. Libète repwodiktif se batay nou pou edikasyon, imigrasyon, libète kont vyolans, anviwònman, kay abòdab, ak tout swen repwodiktif yo – ki gen ladan avòtman.
Tanpri patisipe nan mobilizasyon an pou Tallahassee nan dat 12 janvye 2022 a. Floridians for Reproductive Freedom (FRF), yon kowalisyon ki reprezante plizyè dizèn milye Floridyen, ap planifye aksyon pandan tout jounen an, ki pral gen ladan yon konferans pou laprès, yon prezantasyon, ak vizit lejislatè.
FRF ap bay tout moun ki enskri yo detay espesifik lè yo vin disponib.