Èske mwen pa avoka a?

Lwa Florid pa egzije ou gen yon avoka si wap depoze yon petisyon pou egzansyon jidisyè. An menm tan, ou gen dwa pouw mande yon avoka tribinal la chwazi sanw pa peye pou sa, poul gidew pandan la akkonpanyew nan lodyans devan tribinal la. Anpil moun toujou chwazi mande èd tribinal avoka a.

Si ou deside ou vle yon avoka edew pito, ou ka konsilte tribinal ki pi prew la baw enf.òmasyon avoka pouw kontakte a. Oubyen tou, ou kapab kontakte rezo Jane lan nan info@janenetworkfl.org pou yo edew jwenn asistans legal gratis. 

Wap di avoka a tout rezon ki fè ou vle kanpe gwoès ou a. Tout sa ou di avoka a ap rete yon sekrè, avoka a pap di okenn lòt moun sa ou pati avèk li yo, sèl si ou di li kapab fè sa.

Si avoka a prepare petisyon an pou ou, ou gen dwa pouw revize avan li depozel. Nan kèk kominn fòk ou prezan nan tribinal la lè avoka a ap depoze petisyon an.

Kou petisyon an finn depoze, lalwa florid mande pou yon jij rankontre avèw ak avokaw (siw gen youn), pou li tande plis sou sa ou mande a epi pran yon desizyon. Sa ka pran jiska 3 jou pou jij la aksepte oswa refize egzansyon an.

Siw deside ou pa bezwen yon avoka, sa pa yon pwoblèm. Ou pa bezwen yon avoka pouw depoze yon petisyon ki pouw parèt devan jij la lè lodyans lan. Si ou swiv etap ki dekri nan paj avan an ou ka ekri petisyonw poukont ou.