Èske mwen bezwen yon avoka?

Lwa Florid pa egzije ou gen yon avoka si wap depoze yon petisyon pou egzansyon  jidisyè. An menm tan, ou gen dwa pouw mande yon avoka tribinal la chwazi sanw pa peye pou sa, poul gidew pandan pwosesis la epi akonpanyew nan lodyans devan tribinal la. Anpil moun toujou chwazi mande èd avoka tribinal la chwazi a.

Si ou deside ou vle yon avoka edew pito, ou ka kontakte tribinal ki pi prew la epi yap baw enfòmasyon avoka pouw kontakte a. Oubyen tou, ou kapab kontakte rezo Jane lan nan info@janenetworkfl.org pou yo edew jwenn asistans legal gratis. 

Wap di avoka a tout rezon ki fè ou vle kanpe gwosès ou a. Tout sa ou di avoka a ap rete yon sekrè, avoka a pap di okenn lòt moun sa ou pataje avèk li yo, sèl si ou dil li kapab fè sa.

Si avoka a prepare petisyon an pou ou, ou gen dwa pouw revizel avan li depozel. Nan kèk kominn fòk ou prezan nan tribinal la lè avoka a ap depoze petisyon an.

Kou petisyon an finn depoze, lalwa florid mande pou yon jij rankontre avèw ak avokaw (siw gen youn), pou li tande plis sou sa ou mande a epi pran yon desizyon. Sa ka pran jiska 3 jou pou jij la aksepte oswa refize egzansyon an.

Siw deside ou pa bezwen yon avoka, sa pa yon pwoblèm. Ou pa bezwen yon avoka pouw depoze yon petisyon oubyen pouw parèt devan jij la lè lodyans lan. Si ou swiv etap ki dekri nan paj avan an ou ka ekri petisyonw poukont ou.