Enskri! Kontrasepsyon Ijans Zoom Power Hour 11/19 @ 7pm

Floridians for Reproductive Freedom òganize yon "power hour" sou entènèt avèk ekspè k ap diskite sou benefis Kontrasepsyon Ijans (KE) epi k ap atire atansyon sou kijan Publix ap mal jere machandiz KE yo nan detriman kliyan li yo. Jedi 19 novanm, 7è diswa - 8è diswa (tanpri rive via Zoom a 6:55 pou asire w ke bagay yo rezoud anvan 7è). […]

Ede ekspoze aplikasyon Femm nan

Ede avèti moun yo sou sistèm swivi règ sa a ki fè pè e ki twonpe moun, kreye epi finanse pa ekstremis kont kontwòl nesans ak kont avòtman. Kite yon evalyasyon egzat sou App Store la.

Ekri lejislatè eta ou yo: Defann epi elaji libète repwodiktif

Fè tande vwa ou! Voye yon lèt rapid bay reprezantan eta ou a ak senatè eta a jodi a, pou ankouraje yo pran mezi proaktif pou ogmante libète repwodiktif, defann dwa avòtman, epi asire tout moun gen kapasite pou satisfè bezwen swen sante repwodiktif yo.