Ki kalite kesyon jij la pral poze m?

An jeneral, jij la ap vle konnen ou konprann opsyon ou yo epi ou te byen reflechi sou desizyon w lan. Si ou gen yon avoka, y ap ede w prepare w pou reyinyon an avèk jij la.

Bagay ou ta renmen pale de yo ak jij la:

  • Èske ou te konfime gwosès ou a ak yon pwofesyonèl swen sante?
  • Konbyen semèn ou ansent?
  • Poukisa yon paran pa ka patisipe?
  • Ki sa ou konnen sou pwosedi avòtman? Ki opsyon ki genyen pou mete fen nan gwosès ou?
  • Ki sa ou konnen sou risk ak konplikasyon posib? Ki plan ou genyen si ou ta gen konplikasyon?
  • Ak ki moun ou te pale sou desizyon ou pou fè avòtman? Èske ou te pale ak nenpòt granmoun?
  • Èske gen moun k ap fè presyon sou ou oswa k ap fòse ou fè avòtman?
  • Èske ou te sibi abi?
  • Ki jan ou pral peye pou avòtman an?

Klike la a pou wè yon lòt lis (ki pi long) kesyon yo ka poze w. Pa gen okenn jij ki poze tout kesyon sa yo. 

Gade tou Kisa jij la pral konsidere?

Kesyon ki gen rapò