Kolaborasyon Jèn Pinellas ki Bay Pouvwa a se yon kolaborasyon ki baze sou kominote a ki gen ladan jèn, paran, manm kominote a nan Konte Pinellas, ak plis pase de...
yon douzèn òganizasyon k ap travay pou aplike yon politik edikasyon seksyèl konplè, ki enklizif pou LGBTQ, ki apwopriye pou devlopman moun, epi ki aksesib nan Konte Pinellas.
Pou edikasyon seksyèl la efikas, li dwe baze sou prèv epi li dwe apwopriye pou devlopman/laj. Yon edikasyon seksyèl konplè dwe adrese arasman ak agresyon seksyèl epi edike sou relasyon konsansyèl ki an sante. Yo dwe ofri tout elèv edikasyon seksyèl konplè, avèk yon opsyon "pou yo pa patisipe" olye de "pou yo patisipe", san okenn sektè elèv ki otomatikman chwazi pou yo pa patisipe dapre aktivite oswa kapasite yo.