Èske mwen dwe yon sitwayen Ameriken pou mwen fe yon avòtman? E si mwen pa pale anglè byen?

Ou pa oblije yon sitwayen Ameriken pou jwenn yon avòtman et yo pap kontakte imigrasyon Ameriken an. Gen kèk tribinal ki mande w pou yon kat idantite e nan menm fason an genyen ki pa mande. Si ou pa gen papye epi ou pa gen yon kat idantite gouvènman, asire w ke ou gen yon bagay ki ka pwouve idantite w.

Ou ka jwenn yon jidisyè egzansyon kèlkeswa si ou pale angle oswa ou pa pale angle a byen. Gen tradiktè kap disponib.