Egzansyon Jidisyè an Florid

➡️English
➡️Español

Fè yon avòtman san paran w pa enplike.   

Eske w bezwen ed legal gratis pou w jwenn yon egzansyon jidisyè an Florida? Kontakte Jane Network la nan imel info@janenetworkfl.org pou ed. 

Lalwa eta Florid la mande pou yon paran bay pèmisyon si yon jèn ki poko gen 18 an ap eseye fè yon avòtman. (Wap jwenn plis enfòmasyon sou lwa Florid yo isit la.) Pifò jèn pale ak paran yo lè yo bezwen yon avòtman – men genyen ladan yo ki pa kapab pou pwòp sekirite yo; et gen lot ki senpleman pa vle desevwa paran yo. Si w pa ka jwenn pèmisyon paran w oswa mande paran w, ou ka fè yon avòtman san okenn paran w pa enplike si w ale nan tribinal epi yo ba w yon “egzansyon jidisyè”. Sa a se yon egzansyon nan yon tribinal ki pral pèmèt ou kontinye ak yon avòtman san paran w yo pa patisipe.


Jane’s Due Process
ap ofri enfòmasyon ak sipò youn-a-yonn pou nenpòt jèn k ap pase nan pwosesis egzansyon jidisyè a. Pou kontakte Jane’s Due Process, voye yon tèks nan liy dirèk yo nan 866-999-5263.

Èske w ap chèche enfòmasyon pou egzansyon jidisyè pou yon eta ki pa Florid?
Tcheke sit entènèt patnè nasyonal nou an, If/When/How, pou èd.